Konpa se richès

Si w’ap suiv tandans yo nan dènye sou sa yo sou rezo sosyal yo. Ou paka pa remake anpil moun ap fè ti bout videyou sou entènèt la ak konpa, swa pou danse konpa, swa pou prezante manje ayisyen, swa pou bay ti gouyad. Gen anpil lòt nasyon ki fè’l tou swa pou prezante relasyon yo genyen ak nayon nou an oubyen apresyasyon yo genyen pou kilti nou. Ou kapab apresye majorite videyo sa yo sou platfòm tiktòk la.

Chak jou k’ap pase ou jwenn de twa grenn nouvo moun k’ap met tèt yo deyò e ki antre nan menm anbyans lan. Genyen ki pa menm konprann pawòl k’ap di nan mizik yo, men yo jis ap jwi de son ak rit mizik yo.

Youn nan remak ki klè, anpil nan pitit pitit tè an ki fèt nan peyi etranje pa kache montre kè kontan yo nan pataje jan y’ap pale kreyòl, manje kreyòl, danje konpa. Menm si pafwa lang lan pa konn twò fin fen lè y’ap pale li. Youn nan bagay ou pap manke remake nan figi yo, se kè kontan.

Dezyèm remak lan, se etranje ki ap aprann danse konpa paske rit mizik lan mache nan san yo, yo renmen li. Oubyen paske yo gen relasyon avèk ayisyen, yo vin aprann li nan pratike pou pataje kilti yo.

Twazyèm remak la se etranje toujou ki ap fè efò pou aprann pale kreyòl, swa pou yo konprann sa k’ap di nan mizik yo oubyen pou lòt rezon, mwen menm avèw kapab inyore.

Pou anpil nan rezon nou di la yo, oubyen anpil lòt nou gedwa pa di, ou ka remake jan anpil nan moun sa yo ap eseye familyarize yo ak kilti nou an. Men malerezman, nou (AYITI) pa pwofite ase de relasyon sa k’ap kreye ak lòt nasyon yo. E youn nan rezon ki anpeche nou jwi plis de relasyon sila li pa lòt pwoblem ke ensekirite.

Eseye imajine’w te gen sekirite sèlman, moun ka mache a tout lè san pa gen sousi pou malfra yo anlve’w, tire w. Pou etranje sa yo ap pwofite antre al vizite tout kwen nan peyi an, paske yo gen kiryozite pou konnen plis ke mizik e danse konpa. Plis kòb t’ap antre nan ekonomi peyi an. plis ti jèn t’ap kreye zèv kiltirèl pou vann ak etranje oubyen menm pitit tè an ki vin fè touris ki bezwen tounen ak souvni. Depi ti jèn ka fè kòb lapè peyi an t’ap asire pou kèk tan, paske tijèn pa t’ap gen nesesite al vote voryen pou mil goud.

Nou pa imajine nou kòman imigrasyon ayisyen nan lòt peyi te ka sèvi nou pou’n anrichi lakay nou. Li pa twò ta, li pa janm twò ta.

Mwen kontan lè’m tande konpa, mwen kontan lè m’ap danse konpa, e m paka pa bay ti gouyad.

E ou menm ? Kisa w panse ?

Benit Saul

Sa ka entèrese w tou

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *