Apre yon eripsyon volkanik ki te genyen nan Sid Oseyan Pasifik la nan volkan (Hunga Tonga) , gen anpil peyi ki te lanse alèt sonami sou tèritwa yo. Kèk èd tan aprè anpil nan peyi sila yo te komanse santi konsekans yo ak vag lanmè yo ki te komanse monte e menm koze gwo dega.
Otorite nan lakou Pewou te pote neglijans e pat vle emèt alèt sonami lakay yo, aksyon ki vil lakoz gen 2 sitwayen pou pi piti ki pèdi lavi yo. Gen anpil lòt ki reskate atan.
Dimanch nan la sware anko Ajans ki responsab zafè aktivite anba dlo nan peyi Ostrali fè konnen te gen yon lòt eripsyon ankò aprè yo konstate nivo lanmè an t’ap ogmante a plizyè repriz. Aprè lè yo vin gen konfimasyon aktivite ki te gen anba lanmè an yo te vin retire twit ki te bay enfòmasyon an.
◘