Selon nouvèl ki fèk tonbe la, gen anpil lòt peyi ki kòmanse ap dekouvri varyan Omikwon lakay yo. pami peyi sa yo, no jwenn Wayòm Ini ( Angletè), Almay ak itali. Daprè enfòmasyon otorite peyi sa yo bay se ta pasaje ki te vwayaje soti nan Afrik di Sid ki ta pote varyan sa sou teritwa yo an.
Wayò Ini pa bò kote pa’l oblije ranfòse mezi sou sekirite sanitè yo genyen an.
Ekspè k’ap swiv evolisyon COVID 19 yo fè konnen varyan omikwon an gen kapasite pou reziste ak pwoteksyon vaksen k’ap itilize kounya yo ofri. E yo menm krent pou mond la pa retounen nan yon lòt evantyèl konfinman.