Rechofman klimatik la se chanjman klimatik ki pi fatal k’ap pase nan mond sa, se yon fenomèn ki fèt lè nivo tanperati mond la depase nivo mwayèn li ta sipoze genyen an..
Fenomèn sila ka koze anpil lòt dezas natirèl. De jou an jou sa ap dejenere a koz de konsyans nou poko pran pou jere anviwonman kote n’ap viv yo. Youn nan koz ki pi enpòtan yo ki responsab gwo chanjman sa yo se gaz n’ap jete ki rele CO2 . Anpil gwo endistri responsab nan jete gaz sa nan lè a. Majorite machin n’ap itilize jodi an kontinye ap jete gaz sa malgre anpil efò k’ap fèt pou chanje sistèm machin sa yo. Se gaz CO2 sa ki al akimile anba kouch dozón nan ki pwovoke rechofman sila.
Rechofman klimatik sa koze anplil glas ap fonn nan zone glasyal yo ki vin bay plis dlo nan lanmè an. E toutan lanmè a ap monte nou pral jwen mwens tè pou n abite. Lè nou jwenn mwens tè pou nou abite nou pral redwi kote nou konn fè jaden yo pou’n ka jwenn kote pou nou abrite nou. Lè sa fèt, nou pral gen mwen pwodiskyon. Mwens pwodisksyon egal plis grangou. E chèn degradasyon sa ka mennen ak disparisyon espes nou an sou fas tè a.