Joe Biden ak Vladimir Poutine te mete yo dakò sou premye rankont yo jodi Mèkredi 16 Jwen 2021 nan lakou Jenèv peyi la Sywis. Pilye rankont sa se te sou retou anbasadè respektif chak peyi sa yo sou teritwa kote yo t’ap egzèse fonksyon yo.
Aprè anpil virewon, ti tan pase prezidan yo te rive bay lamen, youn nan bagay ki ra pou fèt sitou pandan moman pandemi kowonaviris la.Rankont de chèf deta sa yo te dire anviwon 4èd tan yo. Kontrèman jan sa te pase ak ansyen pezidan Donald Trump nan lakou Finland nan lane 2018, chao prezidan y te vin separae pou swiv konferans lan ansanm ak delegasyo yo.
San pèdi twop tan P. Poutine te pran lapawòl pandan lap bay ti kout dlo cho, ti kout dlo frèt. Jan nou deja konnen’l, dirijan peyi sa yo pa gen menm pwen de vi sou anpil kesyon men, sa pat anpeche yo montre volonte yo genyen pou youn konprann lòt e jwenn mwayen pou eseye jwenn yon antant. P. la Risi a fè konnen ke chèf deta ameriken trè diferan parapò ak pprezidan Donald Trump e di ke se yon chèf ki gen anpil eksperyans.
Prezidan kontinye pou’l di ke li menm ak P. Biden te fe yon bèl ti chita pale pandan anviwon 2è de tan san prezans minis afè etranjè tou de peyi yo, e ke daprè li se yon atansyon nenpòt chèf depa pa jwenn. Pou kontinye nan diskou li, li anonse ke to de peyi yo te gentan dako pou anbasadè yo te reprann syèj yo nan chak peyi yo aprè nou konnen yo te raple yo nan sèvis yo apre tansyon ki te genyen ant de peyi sa yo nan mwa mas ak avril la.
Tou de peyi yo mete yo dakò sou negosyasyon nikleyè pou ranplase trete New Start ki te limite zam nikleyè yo apre ekspirasyon menm trete sa an 2026. Chèf leta Risi a asire ke Etazini pa bezwen enkyete’l pou prezans militè ris nan Aktik la ki se yon zòn stratejik la risi pa sispann konvwate.
Lòt pwen li te touche se, kesyon sibèsekirite pandan l’ap ajoute ke plis atak sibènetik ki fèt nan mond lan se lakay tonton Sam yo fèt e li ajoute pou di ke chèf leta peyisa pa kowopere ase sou pwen sa .
Deklarasyon prezidan ameriken an ale preske nan menm sans ak omolog ris la, yon kout dlo cho, yon kout dlo frèt.
Prezidan Joe Biden fè konnen rankont li menm ak prezidan la Risi an te dewoule nan yon anbyans ki pozitif, e selon li menm gen anpil atant. Li raple ke anyen paka ranplase yon chita pale. Pou li menm se nòmal paske tou de peyi yo gen anpil enterè an komen. Li fè konnen ke Etazini te rejwenn alye li yo pou defann prensip demokratik yo e’l fè kwè ke li pataje ak P. Poutine règ jwèt ki dwe respekte nan relasyon tou de peyi yo. Li ajoute pou di « M te fè sa’m te vin fè a ».
Li bay pinga kont tout entèferans (fouye dwèt) nan eleksyon ameriken yo. » M di sa klè, nou p’ap tolere okenn tantativ vyolasyon de souvrènte demokratik ak destabilizasyon eleksyon demokratik nou yo, nan ka kontrè n’ap bay repons », « gen enfrastrikti ki dwe rete entouchab ke se swa pa mwayen sibènetik ou lòt ». « M bay yon lis » ki gen sèz(16) antite espesifik, ki soti depi nan sektè enèji jiska sistèm distribisyon dlo nou yo.
E pou fini li avèti la Risi pou l pa eseye chèche yon gè frèt ak la Chin paske onsekasn yo pap dous pou li.
Tansyon ant de peyi sa yo sansib anpil, e se pa bagay piti. Men dirijan yo te eseye met espwa sou tab la pou yon relasyon stab e ki ka dire pi lontan, san’n pap bliye kantite divèjans ki egziste ant de gwo towo sa yo.
Remy Jr Joseph /Ekstrè Le monde FR