Ayiti: referandòm konstitisyonèl ki te pwograme pou 27 jen ranvwaye endefiniman Otorite yo site difikilte òganizasyonèl akòz kriz sante a. Opozan yo denonse yon pretèks epi yo mande anile pwosedi a nan yon peyi nan mitan yon kriz enstitisyonèl.
Orizon politik la pa sanble klè an Ayiti. Administrasyon elektoral ayisyen an anonse, lendi aswè 7 jen an, ranvwa referandòm konstitisyonèl ki te pwograme pou 27 jen akòz kriz sante epidemi Covid-19 la koze.
« Desizyon sa a motive pa difikilte pou konsèy la rasanble ak fòme tout anplwaye tanporè yo pou kondwit biwo vòt yo, » se sa ke Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) te di nan yon deklarasyon.
Jiska moman sa la, pa gen okenn dat ki ko fikse. Yon nouvo kalandriye elektoral pral etabli « apre rekòmandasyon otorite lasante ak opinyon teknisyen nan enstitisyon elektoral la », dapre konsèy la.
Depi 24 me, Leta nan peyi d’Ayiti te dekrete eta dijans sanitè sou tout tèritwa nasyonal la pa rapò ak ogmantasyon ka COVID-19 la, epi aprè yo fin detekte nouvo varyan ALPHA ak GAMMA ki te rive idantifye pou premye fwa nan Wayòm-Ini nan desanm 2020 epi nan peyi Brezil an Janvye 2021.
Opozisyon an ap egzije anilasyon pwosesis elektoral la.
Anons ki fèt pou ranvwaye pwosesis elektoral la ta sanble mete moso lajwa nan kè mesye dam opozisyon an ki pa anfavè bagay sila.
Gouvènman ap itilize kesyon kowonaviris la kòm pretèks le nou wè’l mele ak koze REFERANDÒM enkonstitisyonèl, ilegal, ki pa lejitim e ki pa popilè
Reyaksyon ansyen depite Jerry Tardieu.
Gen anpil dwèt lonje sou pouvwa a nan plas kom kwa manm nan CEP yo ta nan yon posib detounman fon nan fon piblik yo. « Yo debloke 600 milyon goud [anviwon 5.4 milyon ewo] pou fòmasyon anplwaye yo, kidonk mwen panse ke se yon operasyon blanchi lajan: yo te konnen yo pa pral fè li, men » lajan an te libere Jedi pase a, « akize ansyen senatè a Youri Latortue nan aswè Lendi nan yon entèvyou ak Agence France-Presse.
« Tout moun ki gaspiye lajan leta nan prosesis ki pa klè, malgre avètisman Lakou siperyè dè Kont, li posib pou moun sa yo jije pou detounen lajan » Selon Reginald Boulos , Biznismann ki pa twò lontan antre nan politik kom opozan prezidan Jovenel Moïse ak pwojè referandòm nan.
CREDIT lemonde https://www.lemonde.fr/