Saw dwe konnen !

Sa'w dwe konnen

509Baz


509Baz se yon magazin e ajans piblisitè ki la pou ede kominote ayisyèn nan nan fasilite yo fè pwomosyon pou biznis yo, e pèmèt tou nou gen yon kominote ki rete konekte e solidè nan yon fason pou nou kapab soutni nou youn lot nan enfomasyon !

509Baz se yon magazin, ecommerce ak yon mouvman sosyal ki la pou ede kominote ayisyèn nan k’ap evolye nan tout kwen nan mond lan nan fasilite yo fè pwomosyon pou biznis yo, e pèmèt tou nou gen yon kominote ki rete konekte e solidè nan yon fason pou nou kapab soutni nou youn lot nan enfomasyon n’ap pataje e pwomosyon n’ap fè swa pou evènman espesyal oubyen nenòt lòt aktivite yon moun/antrepriz ta vle pataje ak plis ke yon moun !

Enfòmasyon n’ap pataje yo vize plis yon aspè edikatif an premye paske kesyon entènèt la vin sansib e nenpòt moun vin gen aksè ak tou sa k’ap pataje sou medya en lign yo ak rezo soyal yo. E pyèj ki genyen pafwa nan enfòmasyon k’ap rive jwenn itilizatè sa yo pa resevwa okenn filtrasyon e okenn otantifikasyon. Sa vle di yo konn vini ak enfòmasyon ki pa sa yo pibliye nan yon langaj ki pa apwopriye. Nou menm nou oblije nou aksyon jere filtrasyon e otantisite enfòmasyon n’ap resevwa yo avan nou pibliye yo, yon fason pou tout moun santi yo alèz lè y’ap tèks nou yo. E pou yo jwen enfòmasyon k’ap itil yo. 

Ki sèvis nou bay ?

Repètwa

Nou pibliye imaj ak adrès bisnis ou pou ou sou abònman pou fasilite moun k'ap chèche lokalize nenpòt biznis ayisye genyen nan mond lan.

Domaine

Nou ede kliyan chwazi domaine li lè l'ap kreye yon sit web. Nou vann yo tou a pri tout moun ka achte. Pri ki pap chanje aprè.

Kòporatif

Siw gen yon mak , yon biznis oubyen ou ta renmen gen imèl ki pote non yo oswa non paw. N'ap jere w sa plop plop.

Hosting

Pou moun ki deja kreye sit web yo, nou vann e lwe ebèjman pou sitweb yo. Pri pa nou yo pi ba sou mache an.

Website

Nou kreye website kit li te pou yon moun , sa vle di pèsonèl oubyen pou yon antrepriz, biznis, elatriye...

Pwogramasyon Web

Nou ofri kou pwogramasyon web pou moun ki vle aprann kreye sit web. Kou yo konplètman gratis.

Piblisite

Nou ofri opsyon pwomosyon ak tout kliyan, ou biznisman ki ta vle nou fè pibisito pou yo sou tout platfòm nou yo.
Clermond Remy Jr Joseph

Clermond Remy Jr Joseph

Web Programmer, System Analyst
Sitwayen sa se fondatè( kreyatè) 509Baz, li pran nesans na lane 1992. Li kreye mouvman sa depi nan lane 2019.

Sa ka entèrese w tou