Nou kon’n souvan wè’l men gen anpil moun ki pa konnen ke chak modèl machin nou wè yo gen yon kategori yo apatyen avè’l. Kategori ki pi kouran se pikòp ak soub (SUV). Men chak peyi gen preferans kategori pa yo , swa pou rezon ekonomik swa pou rezon kontwòl gaz kabonik machin yo konn ap jete. Genyen tou se pou rezon nesesite tèren. Sa vle di gen tip machin ki pi adapte pou sipèfisi plat oubyen sipèfisi zigzag, tankou tèt mòn. Egzanp, wap wè moun k’ap vin kote ki gen mòn e ki pa rete nan mitan vil ap plis itilize pikòp (pickup 4×4 )jan nou renmen rele yo. E moun ki vit kote ki pi plat itilize SEDAN, SUV ak HATBACKS.
Suzuki kòm entèlijan ki wè bagay yo ap byen mache pou li, gen bon lavant nan youn nan modèl li yo sou de kategori. li deside mete pye l atè pou l soti menm modèl sa sou yon lòt kategori. Modèl sa rele SWIFT. Kote ladan li, kategori sedan nan ak hatbacks la vannen moun nan 3 dènye ane sa yo.
Sa vin fè modèl hatbacks la li pral voye l an SUV tou pou satisfè kliyan li yo.
Lè’w fin goute l w’a di’m sa’w wè.